Warning: Trying to access array offset on value of type null in /home/haiti/public_html/wp-content/plugins/cta/classes/class.cta.render.php on line 492
46 rue Fernand, Canape-vert, haiti
+509 22 58 02 12
societebibhai@yahoo.com

Jou Fèt Labib 2020

Jou Fèt Labib 2020

Dimanch 13 desanm 2020

Jou Fèt Labib

Mesaj Sosyete Biblik Ayisyèn

________

‘’  Labib, yon pawòl vivan , yon pawòl moun dwe viv  ’’

Medam Mesye Lasosyete,

Byenneme frè e sè nan Kris,

Devwe sipòtè ak zanmi Labib,

Se pou Bondye, papa nou, ak Mèt nou, Jezikri, fè desann favè yo ak kè poze yo sou nou  tout !

Nou mete jou espesyal sa a  apa pou fèt Labib. Se pa ti kontan nou kontan ane sa a ankò deske nou gen privilèj pale ak tout popilasyon ayisyen an nèt, espesyalman tout sila yo ki kwè nan Jezikri, kèlkeswa sektè relijye yo adere ladan li an. Mesaj tradisyonèl Sosyete Biblik Ayisyèn ane sa a, li chita sou tèm : ’’ LABIB, YON PAWÒL VIVAN, YON PAWÒL MOUN DWE VIV ‘’. Se Jan 1.1-4 ki enspire nou tèm sa a . Gade sa pasaj la di :<< Anvan Bondye te kreye anyen, Pawòl la te la. Pawòl la te avèk Bondye. Sa Bondye te ye, se sa Pawòl la te ye tou. Pawòl la te la avèk Bondye depi nan kòmansman. Se ak pawòl la Bondye te fè tout bagay. Nan tou sa ki te fèt, pa t gen anyen ki te fèt san Pawòl la. Lavi, se nan li sa te ye. Se lavi sa a ki te bay tout moun limyè >>.

Labib, yon Pawòl vivan. Enben, gen 2 rezon pou sa :

Premye rezon an se paske Bib la se pawòl Bondye vivan an, Bondye ki se otè, ki se sous, ki alabaz tout vi ki egziste. Apot Pòl sètifye Bib la soti nan Bondye vivan an. Li di nan  2 Timote 3.16 :<< Tou sa ki ekri nan Liv la se nan Lespri Bondye a yo soti >>, kivledi yo soti nan Lespri Bondye a ki bay lavi, selon Jòb 33.4 :<< Se lespri Bondye a ki fè m. Se souf Bondye ki gen tout pouvwa a ki ban m lavi >>.

Dezyèm rezon an se paske Bib la se yon Pawòl vivan. Li pote lavi kote lanmò ak dezolasyon te sèl kòk chante. Zòn Lodeba kote Mefibochèt, pitit pitit Jonatan, bon zanmi entim David, te sove al kache a, li te lwen, yon peyi pèdi, yon veritab twouchouchou, yon savann dezole (2 Sam 9.4-5). Non zòn Lodeba a siyifi absans pawòl la. Kidonk se te yon zòn pawòl Bondye a pa te vizite, pawòl la pa t prezan, pawòl ki bay lavi toupatou kote li pase a. Kè nou chak se yon lodeba, toutotan Pawòl vivan Bondye a pa vizite li. Pawòl Bondye a se yon veritab semans vivan lè li tonbe nan kè nou , nan lavi nou. Lè sa a, Lespri Bondye fè li jèmen, fè li pouse grandi epi fè li donnen pou lavi etènèl. Se sa apot Pyè aprann nou lè li di :<< Granmesi pawòl Bondye a ki yon pawòl vivan epi ki la pou tout tan, nou resevwa yon lòt lavi. Fwa sa a, nou pa soti nan yon jèm perisab, men nan yon jèm ki pa ka mouri, yon jèm pèmanan (1 Pyè 1.23) >>.

Nan mwa desanm nan, n ap selebre nesans Jezikri sou latè, Jezi, Pawòl ki vin moun nan, levanjil Jan di :<< Lavi se nan li sa te ye >>( Jan 1.4). Jezikri ki se Pawòl ki vin moun lan, li menm menm, li deklare : Pawòl mwen di nou yo, yo soti nan Lespri Bondye. Yo bay lavi (Jan 6.63). Disip Jezi yo te fè esperyans  efikasite pawòl sa a ki pote lavi. Plizyè nan moun ki t ap suiv Jezi yo te fè yon kraze kite sa. Yo te twouve sal tap di a twò di. Pou yo, gen koze Jezi t ap di, yo te twouve se pa akseptab. Lè sa a, Jezi vire mande disip li yo si yo pa ta vle ba li do tou. Epi Pyè reponn Jezi pou li di : << Men Senyè, ki moun pou n al jwenn ? Se ou menm ki gen pawòl k ap bay lavi ki p ap janm fini an (Jan 6.68)>>.

Labib se yon pawòl moun dwe viv tou

 Lavi ak limyè se degouden kole. Yo enseparab. Lavi te nan li,  kivledi sa a se Pawòl ki vin moun nan, lavi te limyè lèzòm (Jan 1.4). Pawòl ki pote lavi a se li menm tou ki Pawòl kap  klere a. Sòm 119.105 di li klè : << Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m ap mete pye m, se yon limyè k ap klere chemen mwen>>. Vèsè 130 menm Sòm 119 la di tou :<< Esplikasyon nou jwenn nan pawòl ou, yo klere lespri nou >>. Non sèlman pawòl Bondye a vivan, men tou li chaje efikasite. Li travay nan nou epi li transfòme lavi nou. Aksyon li depase travay yon epe ki byen file debò. Pawòl la antre fon nan fenfon nanm nou. Tankou yon sonn espirityèl, yon sonn moral, li egzaminen tout santiman nou, tout panse nou, tout ti kachèt nan lavi nou pou devwale tout sa ki pa bon nan nou (Ebre 4.12-13).

Labib se rejis prensip pou gide nou nan yon lavi dwat, san tounanmanch. Sòm 119.9 klè kou dlo kòk nan sans sa a : << Ki sa yon jenn gason dwe fè pou li mennen bak li dwat ? Se pou l toujou jan ou vle li mache a >>.  Men pawòl vivan sa a ap vin efikas pou nou se si nou viv li. Se si nou aplike li nan lavi nou chak jou ki jou pou nou. << Se pou nou fè tout sa pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase. Lè sa a se pwòp tèt nou n ap twonpe >> (Jak 1.22).

Bib la se gid prensip pou nou suiv tou dekwa pou nou reyisi nan lavi. << Se pou pawòl ki nan liv lalwa a toujou nan bouch ou. Se pou w ap kalkile yo nan tèt ou lajounen kou lannwit pou ka viv dapre sa ki ekri nan liv la. Se konsa w a mennen bak ou byen. Tout zafè ou va mache byen (Jozye 1.8)>>. Moun ki pran plezi li nan pawòl Bondye a epi ki medite li tout tan, lajounen kou lannwit,  yon moun konsa << li tankou yon pyebwa yo plante bò kannal dlo : Li donnen lè sezon li rive. Fèy li p ap janm fennen. Tout sa li fè sòti byen >> (Sòm 1.2-3).

Sosyete Biblik Ayisyèn santi kontantman li deske li nan menm liy ak lòt pitit Bondye yo k ap klere tankou flanbo nan lemonn pou pote pawòl vivan sa a >>. Se yon bagay k ap pote yon gwo satisfaksyon pou apot Pòl, moman Jou Kris la rive (Filipyen 2.16).

Kòm manm Alyans Biblik Inivèsèl ki regwoupe 148 Sosyete Biblik k ap travay nan plis pase 200 peyi ak teritwa lòt peyi nan lemonn, misyon nou klè. Se travay pou nou gaye Bib la, otan nou kapab, pi plis posib. Se fè sa avèk efikasite epi ak je kale. Se dekwa pou ede lektè yo ak oditè yo antre nan dyalòg avèk Pawòl Bondye a.

Se konsa, gras ak travay Sosyete Biblik yo atravè lemonn, tradiksyon Bib la rive fèt nan 1935 lang sou 6500 ki egziste yo. Alyans Biblik Inivèsèl pran angajman pou li travay dekwa pou yon jou chak moun sou latè beni ka posede omwens, menm yon egzanplè Labib. Anpil anpiiil travay rete pou fè toujou anvan nou rive nan dènye bout anbisyon misyon an. An Ayiti, nou gen tout Bib la nan lang manman nou depi 1985. N ap etidye posiblite revize tradiksyon sa a koulyeya. Ane 2020 an se ane parisyon yon Bib Etid an Kreyòl pou pèmèt gen plis konpreyansyon tèks Bib la. Sosyete Biblik Ayisyen ap travay pou rann Bib la disponib nan yon fòma apwopriye pou tout moun epi ak nan yon pri ki pi abòdab tou. SBA ap chache devlope kèk pwogram pou ankouraje moun li Bib la tou. Souple, bay travay Sosyete Biblik la sipò nou nan priyè nou ak nan don nou ka fè li.

Lè nou pèdi direksyon nou nan lavi, nou mèt konte sou Pawòl Bondye  a. Li se yon bousòl. Li ka gide nou jwenn pòt pou nou sòti.

Fè efò pou gen Bib ou. Pa kontante ou genyen li ase. Li Bib ou. Medite li toutan. Kite sa li revele ou, sa li anseye ou enstwi ou .

Nan li Bib la, Pawòl Bondye ki bay lavi a epi ki klere chemen nou atravè fènwa pwès ki nan lemonn lan, se pou chak jou panse ou jwenn renouvèlman.

Magda N. Victor

Sekretè Jeneral

Sosyete Biblik Ayisyèn

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *