Warning: Trying to access array offset on value of type null in /home/haiti/public_html/wp-content/plugins/cta/classes/class.cta.render.php on line 492
46 rue Fernand, Canape-vert, haiti
+509 22 58 02 12
societebibhai@yahoo.com

JOU FÈT LABIB

JOU FÈT LABIB

SOSYETE BIBLIK AYISYÈN

DIMANCH 13 DESANM 2015

MESAJ

« Ki jan nou fè tande y ap pale nan lang peyi nou ?» Travay 2 :8

 

Jou lapannkot la, apot yo te anba pouvwa Sentespri. Yo te kwape tout laperèz yo te genyen akoz krisifiksyon Mèt yo, Jezi, pou anonse bonnouvèl levanjil la. Wi, se vre Mèt yo te konn voye yo anonse bonnouvèl la. Men te gen yon bagay ki chanje. Jou sa a, jou lapannkot la, pandan apot yo ap preche, moun ki te la yo te tande mesaj levanjil la nan pwòp lang peyi kote yo chak te soti yo.

Se nan menm lespri sa a, Alyans Biblik Inivèsèl ki genyen jounen jodi a 146 Sosyete biblik k ap travay nan plis pase 200 peyi ak teritwa, te pran nesans. Prensipal motivasyon òganizasyon sa a ke Sosyete Biblik Ayisyèn manm lan se <<mete Pawòl Bondye a alapòte tout moun>>. Alyans Biblik Inivèsèl ap travay pou fè yon jou chak moun kapab jwenn  Bib la nan pwòp lang li ak nan medya moun nan chwazi a. Pou rive atenn bi sa a, anpil chantye tradiksyon boujonnen pran nesans atravè lemonn.

Pou retounen nan baz fondasyon egzistans nou kòm Sosyete Biblik, tèm ki tonbe daplon pou Jounen fèt Bib la ki se dezyèm dimanch mwa desanm sa a se << Pawòl Bondye a la pou tout moun>>.

Selebrasyon ane sa a gen yon sans espesyal. Li tonbe jis avèk swasantyèm ane depi Sosyete Biblik Ayisyèn ap sèvi kominote kretyen Ayiti a. Se vre  depi 1850, Sosyete Biblik Ameriken te louvri yon ajans kòm sikisal li nan Pòtoprens. Ajans difizyon sa a te sèlman fonksyone jouk rive ane 1852. Se jouk ane 1955 Sosyete Biblik Ameriken te vin louvri ankò yon lòt Ajans li te plase anba direksyon Pastè Garner E. Hoyt. Se Ajans sa a ki vin devlope ofiramezi pou tounen Sosyete Biblik Ayisyèn nou an jodi a. Rive 1963, Konsèy Administrasyon Sosyete Biblik Ameriken nan chanje non Ajans lan. Li rele li Mezon Ayisyèn Labib. Epi nan ane 1983, yon Asanble Jeneral Estrawòdinè ratifye Estati Sosyete Biblik Ayisyèn.

<< Pawòl Bondye a la pou tout moun>>. Nan Sosyete Biblik Ayisyèn, konviksyon nou solid. Nou konnen Bib la se mesaj Bondye destine pou pèp li. Pa gen manti nan sa. Mesaj Bib la se mesaj verite lanmou ak redanmsyon Bondye ofri tout moun san paspouki. San mesaj sila a, pèsonn moun pa ka konprann veritab bi lavi li. Se sa ki esplike poukisa tout Bib la parèt nan kreyòl, lang manman nou an, depi 1985. Se yon gras san parèy deske Bib la nan lang manman nou. William Tyndale (1494-1536), yon tradiktè  Bib la nan lang angle, te ekri pawòl sa a pou li di :<<Esperyans aprann mwen se enposib pou fè lafwa moun nan ba pèp la vini djanm si yo pa gen Bib la nan pwòp lang pa yo>>

Pandan 60 dènye ane sila yo osèvis kominote ayisyen an, Sosyete Biblik tradui Bib la nan kreyòl nou an. Li repann plizyè milyon bib, seleksyon ak pòsyon labib atravè tout peyi a. Èske tout milyon bib sa yo ki distribye a kapab jistifye egzistans nou ? Enben non. Veritab siy ki lejitime prezans nou se tout moun sila yo ki dekouvri lanmou Bondye atravè travay nou.

<< Ki jan nou fè tande y ap pale nan lang peyi nou>> (Tra 2.8) ? Tankou nou di li anvan sa, yonn nan objektif Sosyete Biblik yo depi yo fonde se tradui Bib la nan tout lang moun pale atravè lemonn. 2014 te yon ane fòmidab pou tradiksyon biblik. Sosyete Biblik yo te kontribye pou fini tradiksyon Bib la nan 51 lang. Sa reprezante disponiblite Bib la pou plis pase yon milya 371 moun sou latè. Chantye tradiksyon yo pa janm fèmen. Yo toujou ap feraye. Nou toujou mete nou opwen ak dinamik lang yo. Tout tan, gen nouvo mwayen pou transmèt mesaj la k ap pran nesans. Fòk toujou gen koreksyon, revizyon ak pwodiksyon ki daplon ak nouvo bezwen yo. Gen espesyalman bezwen jèn yo k ap itilize nouvo mwayen kominikasyon yo, tankou entènèt. Tou sa se pou mete “Pawòl Bondye a alapòte tout moun”.

Nou kontan anpil pou tout pwogre ki fèt nan domèn tradiksyon Bib la. Tout tradiksyon sila yo te vin posib grasa don zanmi toupatou nan lemonn fè nou. Se poutèt sa Sosyete Biblik yo gen anpil anpil rekonesans pou zanmi sila yo.

Bout pou bout, plan Bondye pou limanite se travay pou tout moun alawonn rive konnen Bondye epi viv selon kòmannnman li yo. Ala bon sa bon, ala agreyab sa agreyab lè ou tande mesaj Bondye a nan pwòp lang ou ! Sila yo ki te lavil Jerizalèm jou lapannkot la te viv esperyans sa a. Jounen jodi a ankò, Bondye kontinye ap fè chak  pèp rete bouch be. Paske atravè chak lang pale, Bondye kontinye sèvi avèk sèvitè li yo pou transmèt Pawòl li. Se pi gwo prèv lanmou Senyè a genyen pou tout moun. Konsa, pesonn moun pa gen eskiz devan Li. Nou kapab grandi nan lafwa. Lavi nou ka transfòme epi nou ka mache nan bon chemen an.

Annou rete alekout. Bondye ap pale avèk nou chak, nan pwòp lang nou.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *